Istwa nou
Istwa mouvman an
Yon revèy konsyans pou yon lòt sosyete.
Gen moman nan trajèktwa yon pèp kote reyalite a vin tounen yon chay ki twò lou pou konsyans moun sipòte. Se moman kote kesyon fondamantal yo pa sèlman objè refleksyon, men yo vin tounen yon kòmandman pou aji.
"Nan ki Ayiti nou vle viv?" Kesyon sa a pa soti nan teyori ki nan liv, ni nan bèl diskou diplomatik; li soti nan rèl lari yo, nan mizè mas pèp la k ap kwoupi anba enjistis, ak nan rèv yon jènerasyon sistèm nan eseye toufe chak jou.
Pandan twò lontan, jèn yo te kondane pou yo rale yon silans pasif devan dekonpozisyon Leta ak sosyete a. Men, listwa limanite aprann nou yon verite revolisyonè: depi yon jènerasyon vin konsyan de wòl istorik li, pa gen okenn fòs reyaksyonè ki ka anpeche li leve kanpe. Se nan mitan kriz sa a, kòm yon repons nesesè devan dozado nasyon an, GJKA pran nesans.
Orijin — Konsyans kont Fatalite Sistèm nan
GJKA pa't fèt tankou yon senp klèb sosyal. Li te jèmen kòm yon revòlt entelektyèl ak politik nan tèt yon jènerasyon ki refize aksepte fatalite. Poukisa sistèm sa a toujou ap repwodui menm mekanis esklizyon ak enjistis yo? Poukisa jèn yo toujou sèvi kòm "chè de kanon" oswa dekorasyon nan eleksyon, men yo pa janm patisipe nan desizyon estratejik yo?
Nou te konprann ke pwoblèm sa yo pa emosyonèl, yo se rezilta yon rapò de fòs politik ki pa an favè mas yo. Repons lan pa ka endividyèl; li dwe yon repons kolektif ki makonnen ak yon òganizasyon serye.
Se nan dinamik sa a yon gwoup jèn deside kase chenn pasivite a: pa sèlman pou denonse, pa sèlman pou kritike, men pou yo òganize tèt yo kòm yon fòs politik. Paske verite a klè: san òganizasyon, pa gen pouvwa; epi san pouvwa, pa gen chanjman.
Fondasyon — Soti nan Ide pou Rive nan yon Vizyon Deklas
GJKA bati sou yon prensip radikal: chanjman pa yon aksidan, se yon konstriksyon volontè. Mouvman nou an soti nan yon analiz pwofon ki montre kriz Peyi dayiti se yon kriz estriktirèl ak sistèmik. Se pa yon aksidan pakou, se rezilta yon modèl sosyete ki bati sou eksplwatasyon ak eksklizyon.
Se poutèt sa, GJKA pa limite aksyon li nan reyaksyon emosyonèl oswa nan bèl diskou san fondman. Nou bati sou twa poto prensipal:
- Refleksyon estratejik — analiz reyèl pou solisyon reyèl
- Fòmasyon ideyolojik — konsyans kòm premye etap liberasyon
- Disiplin òganizasyonèl — estrikti pou aksyon kolektif
Nou kwè ke san yon fòmasyon politik solid, jèn yo ap toujou rete zouti nan men tradisyonèl yo. Pou nou menm, konsyans se premye etap liberasyon an.
Dimansyon Filozofik — Liberasyon Lespri a
Vrè liberasyon an pa sèlman chita nan chanje moun ki nan pouvwa, men nan chanje fason pèp la wè tèt li ak mond lan. Kriz Peyi dayiti se tou yon kriz sikolojik kote yo aprann nou meprize tèt nou pou nou ka pi fasil pou domine. GJKA konprann ke batay la dwe fèt sou de (2) fwon: nan lari a kont enjistis, ak nan lespri a kont alyenasyon.
Nou mete fòmasyon politik ak kiltirèl nan sant aksyon nou paske nou konnen:
- Libète kòmanse nan kapasite pou w panse pou kont ou.
- Diyite kòmanse nan rekonèt valè istorik ou kòm pèp.
- Pouvwa kòmanse lè yon mas konsyan deside òganize kòlè li.
Yon Avangad k ap Konstwi Lavni
Jodi a, GJKA pa yon senp rèv ankò, li se yon laboratwa aksyon ak panse politik. Nou se yon mouvman k ap fòme kad, k ap òganize baz nan katye popilè yo, epi k ap bati yon vizyon politik ki chita sou enterè majorite a.
Nou poko rive nan bout chemen an, men nou soti nan faz kote nou t ap poze kesyon sèlman; jodi a, nou se yon pati nan repons lan. Nou se yon fòs k ap grandi, yon espas kote jèn serye ap prepare tèt yo pou yo pran desten peyi a nan men yo.
Yon Apèl pou Angajman IstorikNAN KI AYITI OU VLE VIV?
Kesyon sa a pa la pou w reponn nan bouch sèlman. Li mande pou w pran yon pozisyon klè. Ou ka chwazi rete obsèvatè, gade peyi a k ap fini, oswa ou ka chwazi vin yon aktè nan gwo travay rekonstriksyon sa a. Listwa pa janm ekri ak moun ki rete sou kote; li ekri ak san, swè ak kouraj moun ki angaje yo.
GJKA se pa sèlman yon gwoupman, se yon rasanbleman pou tout moun ki kwè ke Ayiti pap mouri epi ki prè pou batay pou sa.
