Idantite GJKAMOUVMAN JENÈS KONSEKAN AYISYEN

Jèn yo dwe vin aktè nan chanjman peyi a

GJKA se yon mouvman politik ak sosyal ki angaje l pou òganize jèn yo, devlope konsyans sitwayèn yo epi ankouraje patisipasyon yo nan lavi peyi a.

JISTIS SOSYALPeyi ya bezwen sitwayen ki angaje

Pou yon Ayiti ki sèvi tout Ayisyen

Nou defann jistis sosyal, egalite, solidarite, sèvis piblik solid ak dwa chak sitwayen pou patisipe nan desizyon ki konsène avni peyi a.

KONESANS AK LIDÈCHIPPrepare jenerasyon ki pral pran responsabilite yo

Aprann. Òganize. Aji.

GJKA vle bay jèn yo zouti pou konprann sosyete a, devlope kapasite yo, patisipe nan lavi piblik epi pran responsabilite nan kominote yo.

NAN KI AYITI OU VLE VIV?Nou chwazi pran responsabilite nou.

Yon nouvo jenerasyon ap òganize pou Ayiti.

Nou vle yon peyi kote demokrasi, jistis sosyal, diyite, travay ak patisipasyon sitwayèn vin baz aksyon politik. GJKA envite jèn yo pou yo òganize, pran pozisyon epi aji.

Kiyès nou ye ?

Ayiti ap travèse yon kriz ki fon anpil : enstabilite nan enstitisyon yo, inegalite ki pa janm fini, ensekirite, ak yon sosyete k ap pèdi lyen ki mare moun yo ansanm. Poutan, jèn yo se majorite nan peyi a, men yo prèske pa gen plas kote desizyon yo pran.

Se nan reyalite sa a GJKA fèt. Nou se yon mouvman jèn ki gen yon misyon sosyal ak politik. Nou angaje pou jistis sosyal, pou patisipasyon sitwayen, ak pou ranfòse kapasite jèn yo. GJKA se yon espas kote jèn ki angaje ka òganize yo, aprann konprann sa k ap pase nan peyi a ak yon je kritik, epi patisipe nan konstwi lòt chemen sosyal ak politik.

Mouvman an chita sou twa poto : refleksyon estratejik, fòmasyon politik, ak angajman nan kominote yo.

Depi yon jènerasyon vin konsyan de wòl istorik li, pa gen okenn fòs reyaksyonè ki ka anpeche li leve kanpe.
— GJKA, Manifes fondatè
« Ayiti pa nan yon kriz senp ; li nan yon moman desizif nan istwa li. »
— GJKA, Manifes fondatè

Poukisa GJKA egziste

Ayiti ap travèse yon kriz ki pa sèlman ekonomik oswa politik. Se yon kriz nan enstitisyon yo, nan sekirite moun, nan lyen ki kenbe sosyete a kanpe, e menm nan konfyans sitwayen yo genyen nan pwòp peyi yo. Pandan plizyè jenerasyon, menm erè yo repete, menm pwomès yo fèt, epi menm desepsyon yo tonbe sou do pèp la.

Nan mitan reyalite sa a, jèn yo se majorite popilasyon an, men yo rete lwen tab kote desizyon enpòtan yo pran. Yo sibi konsekans chwa lòt moun fè, san yo pa gen vwa nan pwosesis la. Se kontradiksyon sa a GJKA vle kase : yon peyi pa ka avanse si fòs ki pi gwo li a rete nan periferi.

GJKA egziste paske nou kwè kesyon ki poze jodi a pi gwo pase difikilte konjonkti yo. Sa ki an jeu se kapasite nasyon an pou li redefini tèt li, pou li reprann kontwòl sou direksyon li, epi pou li konstwi yon pwojè kolektif ki ka mennen l pi lwen pase limit ki bloke l depi twòp tan.

Misyon nou

Misyon nou se fòme, òganize epi mobilize jèn ayisyen yo pou yo vin gen yon konsyans sitwayen ki solid, pou yo patisipe aktivman nan lavi piblik la, epi pou yo kontribye nan fè parèt yon sosyete ki pi jis, ki pi enklizif e ki ka dire. Nou pa vle jèn yo rete ap gade peyi ya k'ap degrade ; nou vle yo vin aktè ki konnen sa yo vle, ki konnen kijan pou yo aji, e ki gen kapasite pou yo dirije.

Vizyon nou

GJKA vizyonnen yon Ayiti kote Jèn yo nan sant tout desizyon yo. Yon peyi kote Leta òganize, responsab epi efikas, ki pa kite espas pou dezòd men ki pa depase limit li pou l vin opresè. Yon peyi kote demokrasi pa rezime a yon jou vòt chak senk an, men kote sitwayen yo patisipe, kontwole, epi angaje yo nan lavi piblik la chak jou.

Valè ki gide nou

Aksyon GJKA chita sou yon seri prensip fondamantal ki bay mouvman an idantite li ak direksyon li. Premye a se jistis sosyal. Nou kwè yon sosyete pa ka estab toutotan yon ti gwoup gen tout privilèj epi majorite a rete san okenn chans. Batay pou egalite ak diminisyon inegalite se rezon dèt nou.

« Yon ideyoloji ki pa aplike rete yon entansyon ; yon pwojè ki òganize, ki evalye, epi ki adapte ka vin yon fòs istorik. »
« Nan sant vizyon sa a, gen yon prensip ki pa negosyab : mete moun nan sant tout desizyon. »
« Se nan fason yon sosyete trete moun ki pi vilnerab li yo ke li montre vrè valè li. »

Domèn aksyon nou

GJKA devlope aktivite li yo atravè plizyè aks ki konplete youn lòt.

01

Premye aks la

Se fòmasyon politik ak sitwayen. Nou òganize sesyon fòmasyon, deba, ak atelye pou ede jèn yo konprann enjè sosyal, ekonomik ak politik peyi a. Objektif la se pou chak manm kapab analize yon sitiyasyon, pran pozisyon ak bon jan agiman, epi defann ide li avèk respè ak konviksyon.

02

Dezyèm aks la

Se mobilizasyon ak angajman kominotè. GJKA pa vle rete nan diskou ; nou desann nan katye yo, nan komin yo, ak nan kominote yo pou nou òganize inisyativ lokal ki ankouraje patisipasyon sitwayen, ki reponn ak bezwen reyèl moun yo, epi ki montre ke chanjman ka kòmanse menm kote nou ye a.

03

Twazyèm aks la

Se estriktirasyon òganizasyonèl. Nou ap bati yon rezo jèn angaje, byen òganize nan diferan nivo, ki kapab aji ak yon sèl vwa pandan l respekte reyalite chak zòn. Katriyèm aks la se refleksyon estratejik ak pwodiksyon ide. GJKA elabore analiz ak pwopozisyon konkrè sou gwo pwoblèm nasyonal yo, paske nou kwè ke yon mouvman ki pa pwodwi ide fini pa swiv ide lòt moun.

Manifès GJKA

Manifès GJKA pa prezante tèt li tankou yon dokiman teyori ki detache ak reyalite. Okontrè, li sòti nan yon analiz serye sou kondisyon peyi a, sou erè ki repete yo, ak sou opòtinite ki toujou egziste. Li pa chèche fè pwomès fasil ; li chèche poze fondasyon solid pou yon transfòmasyon reyèl.
Manifès la di klè ke jistis sosyal pa ka egziste san yon Leta ki òganize, responsab epi efikas. Se nan balans ant otorite ak responsablite kapasite Leta a dwe konstwi. Li raple tou ke demokrasi pa ka soutni tèt li si ekonomi an kontinye fèmen pòt pou majorite a, e ke diyite imen rete fondasyon tout pwojè politik ki vle lejitim.

Sou kesyon souverènte, manifès la pran yon pozisyon ekilibre : Ayiti dwe pwoteje kapasite li pou li deside pou tèt li, pandan l ap antre nan relasyon entènasyonal yo ak diyite ak entèlijans. Peyi a pa dwe izole tèt li, men li pa dwe soumèt tou. Li dwe yon patnè ki gen vwa li ak direksyon li.

Diyite ak souverènte

Pou GJKA, diyite imen pa yon mo pou dekore diskou. Se fondasyon tout bagay. San respè pou dwa fondamantal moun, okenn pwojè politik, kèlkeswa jan li sanble bèl sou papye, pa ka lejitim. Yon peyi kote moun pa santi yo an sekirite, kote yo pa gen aksè ak sèvis debaz, kote yo pa ka viv ak tèt yo wo, se yon peyi ki pèdi direksyon li.

  • Diyite yon pèp mache men nan men ak souverènte li. Yon nasyon ki pa kapab deside pou tèt li, ki toujou ap tann lòt moun trase chemen l, pa ka vrèman garanti diyite sitwayen li yo. Se poutèt sa GJKA defann yon Ayiti ki kanpe sou de pye li, ki louvri pou koperasyon, men ki pa janm abandone dwa li pou l chwazi pwòp avni li.

    Soti nan revòlt entelektyèl rive nan fòs politik

    GJKA pa't fèt tankou yon senp klèb sosyal. Li te jèmen kòm yon revòlt entelektyèl ak politik nan tèt yon jènerasyon ki refize aksepte fatalite. Poukisa sistèm sa a toujou ap repwodui menm mekanis esklizyon ak enjistis yo?

    Jodi a, GJKA pa yon senp rev anko — li se yon laboratwa aksyon ak panse politik. Nou se yon mouvman ki fòme kad epi ki bati yon vizyon politik ki santre sou enterè majorite a.

    Nesans

    Yon gwoup jèn deside kase chenn pasivite a. Pa selman denonse oswa kritike, men oganize tet yo kòm fòs politik otonòm.

    Konsyans

    Konprann ke popilèm yo pa emosyonel men estriktirel. Konprann ke chanjman se yon konstriksyon volontè, pa yon aksidan.

    Fondasyon

    Twa poto: refleksyon estratejik, fòmasyon ideyolojik, disiplin oganizasyonel.

    Aksyon

    Laboratwa aksyon ak panse politik ki anrasinen nan katye popile yo.

    San oganizasyon, pa gen pouvwa - epi san pouvwa, pa gen chanjman sosyal.
    — Prensip fondatè GJKA

    Yon Apel pou Angajman Istorik

    Pandan twò lontan, jèn yo te kondane pou yo rale yon silans pasif devan dekonpozisyon Leta ak sosyete a. Men, listwa limanite aprann nou yon verite revolisyonè: depi yon jènerasyon vin konsyan de wòl istorik li, pa gen okenn fòs reyaksyonè ki ka anpeche li leve kanpe.

    "Pandan twop lontan, jenès la te kondane nan silans pasif devan dekonpozisyon Leta ak sosyete a. Men listwa montre yon jènerasyon konsyan pa ka kanpe."

    Nou mete fòmasyon politik ak kiltirèl nan sant aksyon nou paske nou konnen ke vrè liberasyon an pa sèlman chita nan chanje moun ki nan pouvwa, men nan chanje fason pèp la wè tèt li ak mond lan. Kriz Peyi dayiti se tou yon kriz sikolojik kote yo aprann nou meprize tèt nou pou nou ka pi fasil pou domine.

    Nou mete fòmasyon politik ak kiltirel nan sant aksyon nou, paske libete grandi nan kapasite pou panse pa't t ou. Diyite soti nan rekonet vale istorik ou. Pouvwa manifeste le yon mas konsyan oganize kole li.

    Kesyon "Nan ki Ayiti ou vle viv?" pa la pou w reponn nan bouch sèlman. Li mande pou w pran yon pozisyon klè. Ou ka chwazi rete obsèvatè, gade peyi a k ap fini — oswa ou ka chwazi vin yon aktè nan gwo travay rekonstriksyon sa a.

    Listwa pa janm ekri ak moun ki rete sou kote. Listwa pa janm ekri ak moun ki rete sou kote; li ekri ak swe ak kouraj moun ki angaje yo.

    NAN KI AYITI OU VLE VIV?

    GJKA se pa sèlman yon gwoupman — se yon rasanbleman pou tout moun ki kwè ke Ayiti pap mouri epi ki prè pou batay pou sa.