Yon nouvo Ayiti posib
GJKA egziste pou kraze sik enjistis, inegalite, ak eksklizyon ki bloke devlopman Ayiti. Nou defann yon nouvo vizyon kote pouvwa pa rete nan men kek moun, men retounen nan men pep la. Nou kwe nan yon Ayiti ki oganize, endepandan nan desizyon li yo, epi solide nan distribisyon riches li yo. Sa se pa yon rev; se yon pwoje politik estriktire.
